Retounen sou paj prensipal la



Sa ki pi enpòtan pou Willie

Kanpay Willie a ap chita sou kesyon ki enpòtan pou fè fanmi nan katye Florid yo vin pi djanm. N a li kèk nan priyorite l yo pi devan. N ap fè nou remake: 19 oktòb 1999,  Willie prezante plan pou timoun prepare pou lekòl, pou moun ka gen pwòp kay pa yo epi pou gen kontwòl sou zam. Nou va li prensipal lide plan sa yo pi devan.

  • Prepare timoun pou lekòl 

Willie vle pou tout timoun ki antre lekòl pare pou yo aprann epi byen dispoze pou yo aprann. Nan moman n ap pale a gen 30 pou san timoun nan peyi a ki kòmanse lekòl apre lè yo ta dwe kòmanse. Pou nou ka di Etazini gen yon sistèm edikasyon ki menm ak pa tout lòt gwo peyi yo, ki gen bon lekòl segondè ak bon lekòl primè, fòk nou bay bon kalite swen pou timoun piti, bon kalite edikasyon, bon swen lasante ak bon sèvis sosyal  pou tout timoun ki bezwen sa.  

Dapre etid ki fèt sou sa, pi bon lè pou nou depanse lajan ak lòt resous pou timoun nou, se lè yo tou piti. Pou kounye a, gen anpil pwogram federal ak pwogram nan Eta yo, ki okipe kesyon devlopman timoun piti ak bezwen nan kesyon edikasyon nan plizyè pwojè ki pa kowòdone. Kit se pwojè lasante, asistans sosyal (wèlfè), èd pou timoun, swen pou timoun, ajans pou travay ak preparasyon pou timoun ki nan laj pou y ale lekòl, sèvis sosyal federal, ak pwogram pou manje gouvènman federal la met sou pye. Willie panse fòk nou ta pase men nan pwogram pou devlopman timoun piti yo pou yo ka vin fòme yon sistèm kote tout  pyès yo mache youn ak lòt, yon sistèm ki pa manke anyen dekwa pou nou ka  ede timoun yo nan tout sa yo bezwen. Willie deside pou li travay pou li prepare yon plan pou ede timoun prepare pou lekòl ki va konsantre efò nou epi ki va garanti tout timoun va jwenn yon chans pou yo rive kote yo vle rive.

  • Chans pou tout moun gen pwòp kay pa yo

Willie vle pou tout abitan Florid rive reyalize rèv Ameriken pou yo genyen pwòp kay pa yo. Malgre se premye fwa moun ap posede kay kon sa nan peyi a, gen anpil fanmi k ap travay di ki poko ka rive gen kay pa yo ki rele yo chèmèt chèmètrès. Wilie ap pwopoze kèk nouvo solisyon pou nou rive fè tout moun gen chans vin gen pwòp kay yo, kèlkeswa kòb y ap touche.   

To enterè ak kòb pou konstriksyon anpeche anpil moun zòn nan gen pwòp kay pa yo. Nou gen yon ekonomi ki solid anpil kounye a, gouvènman an dwe pwofite pou li retire baryè sa yo ak tout lòt baryè ki anpeche moun gen pwòp kay pa yo. Si fanmi yo vin gen plis posiblite pou yo achte kay, sa va fè gen nouvo kominote. Willie deside pou li fè plis moun vin gen kay pou kominote nou yo ka vin pi solid.

  • Kontwòl sou zam

Willie Logan ap antre nan batay pou gen lwa sou kontwòl zam ki va pwoteje timoun nou, sèl byen ki gen plis valè pou nou. Zam gen plis chans blese yon ti Ameriken osnon touye yon ti Ameriken pase nenpòt lòt timoun sou latè. Dapre etid ki fèt sou sa, o Japon, moun ak zam pa touye okenn timoun pandan tout yon ane, yo touye 19 ann Angletè, 57 ann Almay, 109 an Frans, 153 o Kanada, epi 5 285 Ozetazini. 

Ti Ameriken jwenn zam ki tou chaje twò souvan. Yo tire tèt yo ak zam sa yo osnon yo tire lòt timoun ak yo pa aksidan. Gen lòt ki tire tèt yo ak lòt moun ak fèm konviksyon yo. Malgre moun k ap defann moun ki fè zam yo konnen tout bagay sa yo, yo toujou bloke tout efò pou ta anpeche timoun jwenn zam alèz. Sa k pi rèd la, olye pou otorite lachanm yo ta ranfòse lwa sou kontwòl zam, yo kite presyon moun ki anfavè zam kraponnen yo epi yo kite timoun ak kriminèl jwenn zam byen fasil.

Dapre sa nou deja wè, timoun nou yo ak lòt moun nan peyi a pa an sekirite ni lekòl, ni nan travay, ni nan gadri, ni nan legliz. Sa k lakòz se lwa twò lach sou zam ak tolerans pou zam nou kite pran pye nan peyi a. 

Willie vle pou lwa pou kontwol zam vin pi sevè. Li deside pou moun ki ka pote zam se moun ki sanse, moun ki respekte lalwa. Epi Wilie deside pou vye aksyon nou komanse wè k ap fèt sou sitwayen inosan nan peyi a sispann.
 

Retounen sou paj prensipal la