|
|
|
|
|
| |
Reflechi
tankou yon moun
ki
endepandan!
“Willie
Logan ap mennen yon kanpay ki diferan. Li se yon kandida pou senatè
Etazini ki atake kèk pwoblèm lou. Logan onèt epi li ap travay
pou li regle pwoblèm enpòtan. Li pa menm ak pi fò lòt kandida
yo ki chwazi pou yo sanble lajan san yo pa pale de anyen nan
kanpay yo …”
Miami Herald, 20 oktòb 1999.
Dat
ki te 19 oktòb, Willie Logan prezante gwo pwen pwojè li genyen
pou li fè Florid yon pi bon Eta, pou li fè Etazini yon pi bon
peyi. Se pou pwojè sa a li pral batay lè li rive nan Sena a. Li
prezante yon pwogram ak bon kou detay ki pral okipe pwoblèm fanmi
k ap travay di genyen nan koze lekòl, kay yo ka achete ak kontwòl
sou zam.
Pwogram
Willie pou lekòl, pou tout moun gen pwòp kay pa yo epi pou gen
kontwòl sou zam ap pèmèt gen bon jan sekirite nan peyi a, katye
yo ap vin pi djanm epi ap gen yon pi gwo valè moun k ap travay.
Klike
la a pou w kab li plis koze sou pwopozisyon Willie a.
|
Klike
sou
bouton ki make
“Think Independent”
lan, pou w ka fè
kòmann kaskèt,
mayo, bouton ak
lòt pwodui
LOGANgear!
|
|
|
Enskri
nan lis ewo Logan yo!
|
Ede
nou mete yon brigad djanm sou pye ki vle travay ak Willie pou nou atake
sistèm paspouki ki la kounye a, pou nou fè pèp la gen mo pa li nan
desizyon gouvènman an epi pou nou chanje jan yo fè politik an Florid nètale
! Depi ou fè pati Logan’s Heroes, w ap resevwa enfòmasyon pa imèl
tanzantan sou dewoulman kanpay la epi pare kò w pou w mobilize w lè yo
bezwen w pou w ka montre Florid ak tout rès peyi a jan ou kore Willie
ak kanpay “Think Independent” sa a ki pa gen parèy nan istwa
peyi a!!
Vin patisipe nan
ekip-la.
|
| Fè
benevola nan kanpay! |
Kanpay
Logan 2000 pou Sena ameriken an, gen biwo nan Miami-Dade ak Tallahasee.
N ap bezwen volontè ki ka telefone moun pou nou, mete lèt nan anvlòp,
antre done sou òdinatè, klase dosye epi ouvri lèt moun voye ban nou.
Si w pa twò okipe vin ede nou!
Ou
ka ede Willie Logan genyen eleksyon yo si ou òganize sipò pou li nan
kominote w la. Si w ta vle vin yo kòdonatè nan kanpay Logan 2000 pou
Sena ameriken an osinon si w ta vle ede Willie nan kominote w la osnon
nan biwo kanpay la,
Klike
la a pou w ka fè nou konnen.
|
| Etidyan
pou Logan!! |
N
ap envite tout etidyan!
Klike
la a pou nou ka konnen kouman nou ka patisipe nan kanpay Logan2000 Think
independent la, kouman nou ka ede Willie nan kolèj nou an osnon kouman
nou ka pwofite kanpay la pou nou fè estaj. Epitou, gade paj pou etidyan
yo ki gen anpil enfòmasyon pou ede etidyan yo ale nan kolèj epi nan
inivèsite, n ap jwenn enfòmasyon sou jan pou nou fè aplikasyon, sou
plas lekòl yo, sou èd, epi sou egzamen pou antre ladan yo ak koneksyon
pou tout kolèj 2 an, kolèj 4 an ak inivèsite.
|
|
|
|
|